Jounen Kilti Kreyòl, Syans, Teknoloji ak Oryantasyon Pwofesyonèl nan IDEPH

Jounen Kilti Kreyòl, Syans, Teknoloji ak Oryantasyon Pwofesyonèl nan IDEPH

  • Rédaction de l'IDEPH
  • 17/05/2026
  • Général

Nan dat 9 me 2026, IDEPH (Institut Diocésain d'Éducation et de Promotion Humaine) te òganize yon gwo aktivite espesyal sou tèm : “Jounen Kilti Kreyòl, Syans, Teknoloji ak Oryantasyon Pwofesyonèl”.

Aktivite sa a te reyini anpil elèv, pwofesè ak envite espesyal pou pataje eksperyans, konesans ak motivasyon ak jèn yo.

 

Yon jounen ki te rich an eksperyans

Pandan aktivite a, plizyè pwofesyonèl te fè prezantasyon epi pale sou eksperyans yo nan diferan domèn. Te gen doktè, enfimyè, enjenyè, pè legliz katolik, frè, mè, teknisyeb ansanm ak reprezantan ekip robotik ki te vin ankouraje elèv yo epi ede yo konprann enpòtans etid ak bon oryantasyon pwofesyonèl.

Entèvansyon sa yo te pèmèt elèv yo dekouvri plizyè metye ak opòtinite ki egziste pou lavni yo. Envite yo te pataje konsèy motivan sou disiplin, travay, detèminasyon ak enpòtans syans ak teknoloji nan devlopman peyi a.

 

Kilti kreyòl ak teknoloji men nan men

Jounen an te tou make pa divès aktivite ki te mete kilti kreyòl la an valè. Elèv yo te montre talan yo ak kreyativite yo atravè diferan animasyon ak patisipasyon espesyal.

Prezantasyon ekip robotik yo te atire anpil enterè bò kote elèv yo, paske yo te kapab dekouvri kijan teknoloji ak inovasyon kapab jwe yon gwo wòl nan lavi ak nan avni yo.

 

Yon bèl kloti nan anbyans espòtif ak mizikal

Aktivite a te fini nan yon bèl anbyans ak yon final match foutbòl ki te pote anpil emosyon ak kè kontan. Match la te dewoule nan yon lespri inite ak fair-play, pandan yon DJ tap fè animasyon pou mete plis chalè ak plezi nan aktivite a.

Avèk kalite aktivite sa yo, IDEPH de Jacmel kontinye montre angajman li pou bay jèn yo yon edikasyon ki melanje kilti, syans, teknoloji, espò ak bon oryantasyon pwofesyonèl.